Aktivite Jeriko Nan Legliz Notre Dame, Fort Pierce.

Se avèk anpil Chalè ke Pè Yves Geffrard te lanse yèswa nan Legliz Notre Dame gwo kokenn chenn Aktivite Jeriko ke Legliz la abitye òganize depi plis pase 8 lane. Aktvite a te kòmanse ak yon bèl meditasyon chaplè ke Frè Donald ak Gwoup soutyen te anime ki te vin kontinye ak gwò animasyon ke Peggy Joseph ak Johnny Normil ki se 2 animatè ki sòti toudwat Pòtoprens ak Montreal te asire ak anpil lafwa. Youn nan moman fò sware sa se te sitou Invokasyon San Presye de Jezi kote tout fidèl yo tap aji lafwa yo. Anpil chante ak danse ki te ban nou sansasyon ke Lespri Sen an te prezan nan mitan nou.
Apre yon ti moman silans , Lamès la te kòmanse avèk kòm selebran Prinsipal Pè Wislet Defranc ki te pèmèt tout moun viv selebrasyon sa ak yon bèl omeli. Se te yon sous lagras ki tap koule. Kòm chak ane, touswit apre lamès la nou te gen adorasyon Sen Sakreman. Yon lòt bèl moman ankò. Se te gras sou gras.
Se konsa premye jou Jeriko a te fini. Pè Yves ki tap remèsye tout moun ki te rann aktivite sa posib pat mete dlo nan bouch li poul te egzòte tout kominòte a pou vin patisipe e mande pou moun ki te la yo mennen yon lòt moun pandan tout rès jou Jeriko a.

Notre Dame Catholic Church